VIRGINIA-SHOOTING/


RICHMOND, Va. (AP) — Lapolis di 2 moun pèdi lavi yo e 5 lòt soti blese nan yon fiziyad ki fèt apre seremoni gradyasyon yon lekòl segondè nan vil Richmond nan eta Vijini.


Chèf polis pwovizwa vil Richmond, Rick Edwards, konfime lanmò 2 moun yo. Li di nan yon konferans pou laprès otorite yo mete lapat sou yon sispèk 19-an ki tap eseye sove kite espas la.


Ti gason 19 ane a nan prizon epi yo pral jije li anba akizasyon pou 2 asasinay dezyèm degre.


Dapre chèf polis pwovizwa a, 2 moun ki mouri yo se yon etidyan gason 18-an ki te fèk gradye, ak yon nonm 36-zan.